Filipyen 4:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil3 Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a. 参见章节1998 Haïtienne3 Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m, mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bòn nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a. 参见章节 |
Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.