Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 4:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m te bezwen. Kounyeya, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l plezi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.

参见章节 复制




Filipyen 4:18
15 交叉引用  

Kònèy gade anj lan fiks epi nan perèz li, li di anj lan: “Ki sa w vle, mèt?” Zanj lan reponn li: “Bondye tande priyè w yo epi li wè tout byen ou te fè pou pòv yo. Li sonje w ansanm ak tout byen ou te fè yo.


Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l.


Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen.


Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou.


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Mwen konn viv nan nesesite, mwen konn viv nan labondans. Mwen aprann sekrè kijan pou m viv nan kèlkeswa sitiyasyon an, nan vant plen oubyen nan grangou, nan labondans oubyen nan zafè pa bon.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.


Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris.


跟着我们:

广告


广告