Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikris nou mete konfyans nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske nou menm se vrè sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.

参见章节 复制




Filipyen 3:3
32 交叉引用  

M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a.


M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikris.


Kounye a, nou libere anba Lalwa, paske nou mouri pa rapò ak sa ki te kenbe nou prizonye a. Kounye a, nou kapab sèvi Bondye yon lòt fason, anba kontwòl Sentespri a, nou ka sèvi l yon fason ki pa menm ak jan nou te konn fè l lontan an, ak anpil lwa ki ekri.


Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba, Papa.”


Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre.


Poutèt gen anpil lòt moun ki vante tèt yo sou sa yo akonpli nan lavi, kite m vante tèt mwen tou.


Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou.


Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl.


Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.


Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.


Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè.


Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la.


Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a.


Ou menm, Byeneme, kontinye fonde lavi w nan lafwa. Se pou w priye avèk èd Sentespri a.


跟着我们:

广告


广告