Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Se poutèt sa, Bondye leve l mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo,

参见章节 复制




Filipyen 2:9
46 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a.


Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye,


Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn.


Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase kon sa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.


Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.


Se li menm Bondye fè monte nan syèl la vin chita sou bò dwat li. Li fè l tounen chèf nou ak sovè nou. Bondye fè sa pou l ka ofri pèp Izrayèl la yon okazyon pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l ka resevwa padon pou peche l yo.


Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.


Li se tèt legliz la ki se kò a. Li se kòmansman tout bagay. Li se premye pami moun ki gen pou leve soti vivan nan lanmò. Sa fè se li ki gen premye plas epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.


Alafen, moun pral fè lwanj pou non Senyè Jezi poutèt ou menm, epi ou ap gen pou resevwa lonè tou poutèt li menm pa mwayen lagras Bondye ak Senyè Jezikris.


Sa montre aklè kijan li gen plis otorite pase zanj nan syèl la. Bondye ba l yon non ki pi siperyè pase non nenpòt zanj.


Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal. Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa, li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”


Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.


Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.


Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.


Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.”


Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di: “Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a, l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”


Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri: wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo


Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a.


Zanj yo t ap di byen fò: “Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la. Li diy pou l resevwa onè, glwa, ak louwanj!”


跟着我们:

广告


广告