Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Li menm ak Bondye yo egalego, poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Sa Bondye ye a, se sa l te toujou ye. Men, li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l te chache kenbe ak tout fòs.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,

参见章节 复制




Filipyen 2:6
37 交叉引用  

“Tande koze wi! Jèn fi ki pa ko nan gason an pral ansent, l ap fè yon pitit gason, y a rele l Emanyèl.” (Non sa a vle di Bondye avèk nou).


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


Mwen menm ak Papa a nou se youn.”


Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”


Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”


Nou te tande m di nou mwen prale epi m ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou t ap kontan dèske m prale jwenn Papa m, paske Papa m gen plis pouvwa pase m.


Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a?


Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.


Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”


Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”


Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.


Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.


Poutan, lè Bondye te pou chwazi pou voye premye pitit gason l lan nan mond lan, li di: “Se pou tout zanj Bondye yo adore Pitit la.”


Poutan, men sa li di pou Pitit la: “Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite. Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.


Menm Jezikris ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan.


Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.


跟着我们:

广告


广告