Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.

参见章节 复制




Filipyen 2:2
28 交叉引用  

Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan kon sa a.


Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou.


Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote.


Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite.


Apot yo t ap fè anpil mirak ak anpil gwo mèvèy pami pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba yon galeri nan tanp lan yo rele galeri Salomon epi yo tout te gen menm objektif nan travay la.


Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj.


Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.


Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.


Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou.


Non sèlman rive Tit la te yon ankourajman, men nouvèl li te ba nou te ankouraje nou pi plis toujou. Li fè nou konnen kijan ou te sèvi ankourajman pou li. Li di nou jan ou ta renmen wè nou. Li di nou jan ou regrèt sa k te pase a. Li pale sou ki valè sousi ou gen pou mwen. Sa te vin fè m pi kontan toujou.


Mwen toujou priye pou nou, ak kè kontan.


Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.


Se li m ta vle voye, paske m pa gen okenn lòt moun ankò ki santi yo jan mwen santi m nan, epi ki fè sousi pou nou konsa.


Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a.


Paske, menm lè mwen byen lwen, nou toujou nan panse m. M kontan pou m wè bon jan disiplin ki genyen nan mitan nou epi kijan lafwa nou solid nan Kris la.


Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a.


Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa.


Tanpri frè m, fè sa pou mwen, paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim.


Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la.


Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a.


跟着我们:

广告


广告