Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.

参见章节 复制




Filipyen 2:12
41 交叉引用  

Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l.


Aksepte nouvo prensip lavi m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt.


Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas.


Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè.


Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil.


Tit vin renmen nou pi plis toujou lè l sonje kijan nou te prèt pou obeyi ak kijan nou te resevwa l avèk respè ak imilite.


Nou menm esklav yo, obeyi mèt nou genyen sou latè yo ak anpil respè. Fè sa ak tout kè nou, menm jan nou obeyi Kris la.


Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikris a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la.


Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou.


Mwen di Bondye mèsi pou jan nou ede m nan preche Bòn Nouvèl la, depi premye jou a rive jodi a.


Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.


Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou.


Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.


Nou menm Filipyen, nou konnen sa k te rive, lè m te fenk kòmanse preche Levanjil. Lè m te kite rejyon Masedwàn nan, pa gen yon legliz ki te ede m, se nou menm sèlman ki te fè sa.


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Antouka, pwomès Bondye te fè a toujou valab pou nou ka antre nan plas repo li a. Konsa, an nou pran anpil prekosyon pou nou pa rate pwomès sa a.


Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


跟着我们:

广告


广告