Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,” sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

参见章节 复制




Filipyen 2:11
30 交叉引用  

Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen.


Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo.


Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la.


N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre.


Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt.


epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la.


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou,


Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”


Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.


Paran yo te pale kon sa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la.


Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun.


Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”


Paske Bib la di: “Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon, tout moun va mete ajenou devan m; tout moun va di se Bondye mwen ye.”


Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.


Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di: “Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo; Se poutèt sa m va di w mèsi.”


Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.


Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl.


pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Moun ki konfese Jezi se Pitit Bondye, Bondye ap viv nan li epi li menm tou l ap viv nan Bondye.


Men kouman nou ka rekonèt Lespri Bondye: Tout Lespri k ap konfese Jezi te devni yon moun, Lespri sa a soti nan Bondye asireman.


Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun kon sa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la.


Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou.


跟着我们:

广告


广告