Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.

参见章节 复制




Filipyen 1:9
19 交叉引用  

Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun.


Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.


Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè.


Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou: Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè.


Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis.


Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt.


Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la.


Men, gwo manje se pou moun ki kite laj ti bebe. Yo ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


跟着我们:

广告


广告