Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 1:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj.

参见章节 复制




Filipyen 1:21
16 交叉引用  

Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo.


Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja.


Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan.


Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a.


Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a.


Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li.


Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou.


Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou.


Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò?


Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt.


Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache.


Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li.


Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”


跟着我们:

广告


广告