Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 1:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè Kris la va vini.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;

参见章节 复制




Filipyen 1:10
43 交叉引用  

Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan! Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”


Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.”


Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”


Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè.


Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen.


M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo.


Ou konnen sa Bondye vle w fè. Epi w konnen sa ki enpòtan, paske w aprann sa nan Lalwa.


Si se sa m pa vle fè, m ap fè, sa vle di m dakò pou m di Lalwa se yon bon bagay.


M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m.


Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye.


Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive.


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch.


Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede.


Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò?


Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la.


Chache konnen ki bagay ki fè Senyè a plezi.


Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo.


Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.


Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la.


Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.


Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon.


Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini.


Zanmi m yo, genyen anpil fo pwofèt nan mond lan kounye a. Poutèt sa, pa fè tout kalite espri konfyans, men egzamine yo pou nou wè si yo soti nan Bondye.


Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè.


跟着我们:

广告


广告