Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:29 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Rèn Estè, pitit fi Abikayil, ansanm ak Madoche, Jwif la, te ekri yon lèt pou bay enstriksyon pou fete fèt pirim nan plis fòs.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Apre sa, larenn Estè, pitit fi Abikayil la, mete tèt ansanm ak Madoche, li ekri yon lèt pou di jan li dakò. Se konsa, li bay premye lèt Madoche te ekri sou jou chans sa yo plis fòs toujou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Epi rèn Esther, fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim.

参见章节 复制




Estè 9:29
6 交叉引用  

Moman an te rive pou Estè ale kay wa a. Se Estè sa a Madoche te adopte a. Li se pitit Abikayil, tonton Madoche. Ege, yon enik wa a ki te responsab medam yo, ba li konsèy ki rad pou l mete ak kisa pou l pran nan kay medam yo. Tout moun tonbe damou pou Estè, lè yo wè l.


Sou lòd wa a, mesaje yo prese pote lèt yo ale tout kote nan wayòm nan. Yo bay mesaj la kote palè a ye a tou, nan lavil Souz la. Apre, wa a ak Aman te chita ansanm pou yo bwè. Epoutan, moun nan lavil Souz te boulvèse anpil lè yo te tande nouvèl sa a.


Madoche ekri lèt yo nan non wa Asyeris, epi li sele yo ak bag wa a tou. Yo bay mesaje yo pote lèt yo ale. Yo te monte chwal ki konn kouri byen vit yo, ki drese espesyalman pou wa a.


Madoche drese rapò tout sa ki pase yo. Apre sa li voye lèt bay tout jwif ki t ap viv nan tout pwovens ki nan wayòm Asyeris la, kit yo rete lwen kit yo rete pre.


Li mande yo pou yo selebre chak ane katòzyèm ak kenzyèm jou mwa Ada a,


Yo dakò pou chak fanmi k ap viv nan chak vil ak nan chak pwovens pou yo sonje fete jou sa yo epi pou anseye pitit yo pou fè menm jan an. Yo kwè Jwif yo pa dwe janm sispann fete jou pirim yo epi pitit pitit yo dwe toujou sonje fèt sa a.


跟着我们:

广告


广告