Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Men, Estè te al pale ak wa a. Wa te bay lòd ki te fè konnen sa ki te lakoz Aman te sibi menm sò li te planifye pou Jwif yo. Yo te pann li menm ak tout pitit gason li yo sou poto li te fè prepare.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Men, lè Estè al di wa a sa, wa a bay yon lòt lòd. Se konsa malè Aman t'ap pare pou jwif yo, se sou pwòp tèt li li tonbe. Yo pann ni li ni pitit gason l yo byen wo sou plas piblik.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.

参见章节 复制




Estè 9:25
19 交叉引用  

Lè Aman aprann Madoche se yon Jwif, li pa t santi touye Madoche sèlman te sifi, li te vle touye tout Jwif ki nan tout wayòm Asyeris la.


Alò, yo pann Aman sou menm poto li te prepare pou Madoche a. Apre sa, wa a kalme li.


Mwen mande sa, paske gen yon moun ki ofri lajan pou detwi, touye ak disparèt totalman mwen menm ak tout pèp mwen an. Si yo ta vle sèlman vann nou kòm esklav, mwen t ap pe bouch mwen epi mwen pa t ap deranje wa a pou yon ti pwoblèm konsa.”


Wa Asyeris mande rèn Estè: “Kilès ki dèyè konplo sa a? Kote moun ki pèmèt li fè yon bagay kon sa a?”


Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”


跟着我们:

广告


广告