Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Madoche drese rapò tout sa ki pase yo. Apre sa li voye lèt bay tout jwif ki t ap viv nan tout pwovens ki nan wayòm Asyeris la, kit yo rete lwen kit yo rete pre.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo,

参见章节 复制




Estè 9:20
16 交叉引用  

Istwa sa a te pase nan epòk Asyeris te wa sou teritwa yo te rele Pès la. Wa Asyeris t ap renye sou 127 pwovens ki soti depi Peyi Lend pou rive peyi Etyopi.


Wa Asyeris te mande pou pibliye yon nouvo lwa nan yon lèt li voye nan tout pwovens ki nan wayòm nan. Yo te ekri lwa sa a nan tout lank moun yo te pale ak ekri. Nan lèt sa a, yo te fè konnen chak gason se chèf madanm li ak pitit li. Sa li te di, se sa ki te dwe fèt lakay li.


Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a.


Menm jou a, ventwazyèm jou nan twazyèm mwa a, mwa Sivan, wa a fè konvoke tout sekretè l yo. Yo ekri tout lòd Madoche yo pou voye bay Jwif yo, tout chèf rejyonal lame wa yo, gouvènè ak tout gwo chèf yo ki nan 127 pwovens yo, soti peyi Lend rive Letyopi. Lèt sa a te ekri nan diferan lang moun sa yo pale ak diferan fòm ekriti yo sèvi nan chak pwovens sa yo. Lòd sa yo te rive jwenn Jwif yo nan pwòp lang ak ekriti yo.


Se poutèt sa jodi a sèlman Jwif ki rete nan peyi a, nan ti vilaj yo ki konsidere katòzyèm jou mwa Ada kòm yon jou fèt. Se yon gran jou fèt ak kè kontan li ye pou yo, epi yon jou kote youn fè manje voye pou lòt.


Li mande yo pou yo selebre chak ane katòzyèm ak kenzyèm jou mwa Ada a,


Nan epòk sa a, pou yo di mo “sò”, yo konn di “pirim” tou. Se poutèt sa Jwif yo te rele jou sa yo fèt pirim. Yo fè l yon koutim pou fete tou 2 jou sa yo chak ane akoz lèt Madoche te voye ba yo, poutèt sa yo te wè ak eksperyans yo te fè.


Yo tonbe dakò pou yo menm, pou tout desandan yo ak tout lòt moun ki va vin viv pami Jwif yo kontinye koutim sa nan menm 2 jou sa yo. Yo te pwomèt yo t ap swiv enstriksyon Madoche te bay pou menm dat sa a chak ane.


Rèn Estè, pitit fi Abikayil, ansanm ak Madoche, Jwif la, te ekri yon lèt pou bay enstriksyon pou fete fèt pirim nan plis fòs.


跟着我们:

广告


广告