Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Jwif yo te rasanble ankò nan katòzyèm jou mwa Ada a epi yo touye 300 lòt gason. Yon lòt fwa ankò, yo pa t pran anyen ki te pou moun yo te touye yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Nan katòzyèm jou moun Ada a, jwif lavil Souz yo reyini ankò epi yo touye twasan (300) moun nan lavil la. Men, lè sa a tou, yo pat pran anyen nan zafè moun yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar a e te touye twa-san moun nan Suse, men yo pa t mete men yo sou piyaj la.

参见章节 复制




Estè 9:15
10 交叉引用  

Men sa lèt sa yo di: wa a bay tout jwif dwa pou yo rasanble nan chak vil kote yo ye pou yo defann tèt yo. Si nenpòt lame ki soti nan nenpòt nasyon ta atake yo, atake madanm ak pitit yo, yo gen dwa detui lame sa a. Yo gen dwa pou piye tout sa lènmi yo posede.


Men, yo pa t pran anyen nan sa moun yo te touye yo te posede.


Wa a di rèn Estè: “Nan zòn kote palè lavil Souz la ye a, Jwif yo touye 500 gason, menm 10 pitit Aman yo mouri tou. Mwen ka sèlman devine sa yo fè nan lòt pwovens yo tou! Èske gen lòt bagay ou vle toujou? Sèlman di m li epi ou deja jwenn li. Ou mèt mande m sèlman epi m ap fè tout sa ou vle.”


Estè di konsa: “Si sa fè wa a plezi, se pou l kite Jwif ki nan Souz yo goumen ak lènmi l yo demen ankò, jan l pèmèt yo fè sa jodi a. Se pou l pase lòd pou yo pann 10 pitit gason Aman yo sou poto tou.”


Alò, wa a pase lòd pou yo fè tout sa rèn Estè mande a. Yo pibliye lòd la nan Souz epi yo pann dis pitit gason Aman yo.


Jwif ki t ap viv nan pwovens yo te rasanble nan trèzyèm jou mwa Ada a pou defann tèt yo. Jou sa a, yo touye 75,000 pami moun ki te rayi yo. Men, yo pa t pran anyen nan sa moun sa yo te posede. Nan demen, sa vle di katòzyèm jou mwa Ada a, Jwif nan pwovens yo te sispann goumen an. Yo te nan lajwa epi yo te fè gwo fèt jou sa a.


Nan tout pwovens wayòm Asyeris la, Jwif yo te rasanble nan vil yo kote yo t ap viv. Yo atake tout moun ki te fè plan pou detwi yo a. Pèsonn pa t kapab leve kont yo paske yo tout te nan gwo lapèrèz devan Jwif yo.


Kouri lwen tout sa ki mal.


Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di: “Mwen p ap janm kite w, mwen p ap janm abandone w.”


跟着我们:

广告


广告