Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Trèzyèm jou Ada a, ki se douzyèm mwa nan ane a, se dat pou lòd wa a te egzekite. Se te jou sa a tou lènmi Jwif yo te espere yo t ap gen pouvwa sou yo pou touye yo. Men bagay yo vire devan dèyè paske se Jwif yo ki pote laviktwa sou lènmi l yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, mwa Ada a, rive. Se te jou pou yo te fè sa wa a te bay lòd fè a. Se te jou moun ki pat vle wè jwif yo t'ap tann pou yo te kraze yo. Men, sa ki pou te rive jou sa a, se pa sa ki rive. Se jwif yo ki kraze moun ki te rayi yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo.

参见章节 复制




Estè 9:1
13 交叉引用  

Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.


Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada ki pi bon.


Se yon otorite tout Jwif k ap viv nan tèritwa kote wa a ap kòmande yo genyen. Jou ki te apa pou sa, se te trèzyèm jou nan mwa Ada, douzyèm mwa nan lane a.


Mwen p ap ka pote chaj sa pou m wè y ap touye pwòp fanmi m.”


Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.”


Nasyon yo te an kòlè, men kounye a, kòlè pa w rive. Kounye a, jou jijman mò yo rive. Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo, pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo, ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo, piti kou gran. Lè a rive pou ou detwi moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”


跟着我们:

广告


广告