Estè 8:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil8 Kounye a, mwen ba ou otorite pou ou ekri nan non m nenpòt lòd ou panse k ap an favè Jwif yo. M ap siyen lèt la ak bag mwen. Mwen vle ou sonje tou, nenpòt lèt ki ekri sou lòd wa a epi ki sele ak bag li pa ka chanje.” 参见章节1998 Haïtienne8 Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk sò wa a sou li, lod la pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gendwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk sò mwen sou li. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.” 参见章节 |
Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a.