Estè 8:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil14 Kon mesaje yo fin resevwa lòd sa a, yo monte chwal wayal yo ki te drese espesyalman pou wa a pou yo al gaye nouvèl la. Yo bay nouvèl la nan sitadèl la ki nan Souz, kapital la tou. 参见章节1998 Haïtienne14 Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la. 参见章节 |
Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo.
Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.
Lè Madoche kite palè a, li te abiye tankou yon wa. Li te gen yon wòb wayal ble ak blan sou li, yon wòb ki fèt ak twal len blan byen fen epi ak yon manto koulè vyolèt ki fèt ak twal len, ak yon kouwòn byen laj ki fèt ak lò sou tèt li. Tout lavil Souz t ap rele, yo t ap fete, yo te an jwa epi yo t ap bat bravo.