Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 7:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Lè sa a, Abona, youn nan enik wa yo, di konsa: “Aman te deja fè prepare yon poto ki mezire 75 pye wotè tou prè lakay li pou l fè pann Madoche. Madoche, nonm ki te sove lavi ou la lè li te devwale konplo yo te fè pou touye w la.” Wa a di: “Pann Aman nan menm platfòm nan.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Yonn ladan yo ki te rele Abona, di konsa: — Aman te menm gentan fè kanpe yon poto nan lakou lakay li pou l te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wotè. Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!” Epi wa a te di: “Pann li sou li!”

参见章节 复制




Estè 7:9
20 交叉引用  

Sou setyèm jou festen an, wa Asyeris te kontan anpil akoz li te bwè anpil diven. Li te rele sèt enik ki te sèvitè pèsonèl, Mewouman, Bizta, Abona, Bigta, Abagta, Zeta ak Kakas.


Konsa, Zerèch, madanm Aman, ak tout zanmi Aman yo ba l konsèy sa a tou: “Fè yon moun prepare poto ki gen anviwon swasant kenz pye wotè. Demen maten, mande wa a pou fè pann Madoche ladan l. Konsa, w ap prale nan festen an ak wa a ak kè kontan.” Aman te renmen konsèy yo ba li a. Konsa, li fè prepare platfòm poto a pou li.


Pandan yo kontinye ap pale kon sa ak Aman, ofisye wa yo te vin rive lakay la. Yo pran Aman epi yo kouri ale avè l nan festen Estè t ap fè a.


Youn nan pati li te li yo te rapòte kòman Madoche te dejwe yon plan pou touye wa Asyeris. Se te Bigtan ak Terèch, 2 nan ofisye wa yo, ki te fè konplo sa a. Men, se te Madoche ki te denonse konplo sa a lè l vin okouran de sa.


Wa Asyeris reponn rèn Estè ak Madoche, Jwif la: “Paske Aman atake Jwif yo, poutèt sa, mwen bay Estè tout sa li te posede. Sèvitè m yo deja pann li sou pote li te prepare a.


Alò, wa a pase lòd pou yo fè tout sa rèn Estè mande a. Yo pibliye lòd la nan Souz epi yo pann dis pitit gason Aman yo.


Men, Estè te al pale ak wa a. Wa te bay lòd ki te fè konnen sa ki te lakoz Aman te sibi menm sò li te planifye pou Jwif yo. Yo te pann li menm ak tout pitit gason li yo sou poto li te fè prepare.


跟着我们:

广告


广告