Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 7:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Li lage kò l sou kabann kote rèn Estè te ye a pou l mande l gen pitye pou li. Nan menm moman sa a, wa a soti nan jaden an epi li retounen nan sal la. Lè li wè Aman bò kote rèn nan, li rele byen fò: “Apa ou vin fè vyolans sou rèn nan, la nan palè a, la devan je m?” Kon wa a fin di sa, sèvitè l yo antre, yo pran Aman epi yo mete yon sak nan tèt li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Aman te fenk panche kò l sou divan Estè a pou mande l padon lè wa a tounen antre sòti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di: — Kounyeya, apa nonm lan sòti pou li fè kadejak sou larenn Estè, la devan je m, nan mitan lakay mwen an! Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gentan kouvri tèt Aman.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.

参见章节 复制




Estè 7:8
9 交叉引用  

Apre sa, wa a te òganize yon lòt festen, nan yon lakou devan palè a ki te antoure ak jaden. Fèt sa a te dire 7 jou. Wa a te envite tout moun ki t ap viv nan sitadèl la, nan Souz, kapital la, kit li yon moun enpòtan kit li pa t yon moun enpòtan.


Lakou a te dekore ak rido ki fèt ak twal len koulè blan ak ble. Yo te pandye yo nan riban ki fèt ak twal len koulè blan oubyen twal lenn koulè vyolèt. Riban yo te mare nan bag an ajan yo ki monte sou ki fèt an mab. Te gen nan lakou a plizyè plas pou moun chita ki te fèt ak lajan ak lò. Lakou a menm te pave ak wòch koute chè, yo te byen poli epi ak plizyè koulè an mab.


Apre sa,, Madoche tounen al chita ankò devan baryè palè wa a. Men Aman menm kouri antre lakay li ak tèt li kouvri, tèlman l te wont.


Alò, yo pann Aman sou menm poto li te prepare pou Madoche a. Apre sa, wa a kalme li.


Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.


跟着我们:

广告


广告