Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 7:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Mwen mande sa, paske gen yon moun ki ofri lajan pou detwi, touye ak disparèt totalman mwen menm ak tout pèp mwen an. Si yo ta vle sèlman vann nou kòm esklav, mwen t ap pe bouch mwen epi mwen pa t ap deranje wa a pou yon ti pwoblèm konsa.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”

参见章节 复制




Estè 7:4
18 交叉引用  

Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.


Si sa fè w plezi, pase lòd pou touye tout moun sa yo. Si ou deside fè sa, m ap pwomèt ou m ap bay trezorye w yo 375 tòn lajan pou mete nan trezò pou ou.”


Wa Asyeris mande rèn Estè: “Kilès ki dèyè konplo sa a? Kote moun ki pèmèt li fè yon bagay kon sa a?”


Estè reponn: “Lènmi nou an, moun ki kont nou an, mechan an se Aman wi.” Lè sa a, Aman pran tranble ak laperèz devan wa a ak rèn nan.


Men sa lèt sa yo di: wa a bay tout jwif dwa pou yo rasanble nan chak vil kote yo ye pou yo defann tèt yo. Si nenpòt lame ki soti nan nenpòt nasyon ta atake yo, atake madanm ak pitit yo, yo gen dwa detui lame sa a. Yo gen dwa pou piye tout sa lènmi yo posede.


Mwen p ap ka pote chaj sa pou m wè y ap touye pwòp fanmi m.”


Men, Estè te al pale ak wa a. Wa te bay lòd ki te fè konnen sa ki te lakoz Aman te sibi menm sò li te planifye pou Jwif yo. Yo te pann li menm ak tout pitit gason li yo sou poto li te fè prepare.


Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou.


跟着我们:

广告


广告