Estè 7:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil10 Alò, yo pann Aman sou menm poto li te prepare pou Madoche a. Apre sa, wa a kalme li. 参见章节1998 Haïtienne10 Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese. 参见章节 |
Konsa, Zerèch, madanm Aman, ak tout zanmi Aman yo ba l konsèy sa a tou: “Fè yon moun prepare poto ki gen anviwon swasant kenz pye wotè. Demen maten, mande wa a pou fè pann Madoche ladan l. Konsa, w ap prale nan festen an ak wa a ak kè kontan.” Aman te renmen konsèy yo ba li a. Konsa, li fè prepare platfòm poto a pou li.
Li lage kò l sou kabann kote rèn Estè te ye a pou l mande l gen pitye pou li. Nan menm moman sa a, wa a soti nan jaden an epi li retounen nan sal la. Lè li wè Aman bò kote rèn nan, li rele byen fò: “Apa ou vin fè vyolans sou rèn nan, la nan palè a, la devan je m?” Kon wa a fin di sa, sèvitè l yo antre, yo pran Aman epi yo mete yon sak nan tèt li.