Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 6:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Se pou wa a chwazi youn nan lidè ofisyèl li yo ki pi enpòtan epi pou l ba li responsab wòb la ak chwal la. Gwo lidè ofisyèl sa a ap mete wòb la sou nonm wa a vle onore a. Nonm lan ap monte chwal la epi gwo lidè ofisyèl sa a ap kenbe tèt chwal la pandan y ap mache tout ri ki nan vil la. Pandan l ap mennen chwal la, l ap rele byen fò: Men sa wa a fè pou yon nonm li vle onore.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Chwazi yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”

参见章节 复制




Estè 6:9
5 交叉引用  

Lè sa a, wa a di Aman: “Ale tousuit. Pran wòb la ak chwal la epi fè tout sa ou di yo pou Madoche, Jwif la, san manke anyen. Li chita nan baryè antre kay wa a.”


Lè Aman rantre, wa a mande l: “Kisa w panse ki ta apwopriye pou wa a ta fè pou yon nonm li vle onore?” Tousuit, Aman fè lide sa a: “Se de mwen menm menm wa a ap pale! Epi ki lòt moun wa a ta gen nan lide l pou l onore?”


跟着我们:

广告


广告