Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 6:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Lè Aman rantre, wa a mande l: “Kisa w panse ki ta apwopriye pou wa a ta fè pou yon nonm li vle onore?” Tousuit, Aman fè lide sa a: “Se de mwen menm menm wa a ap pale! Epi ki lòt moun wa a ta gen nan lide l pou l onore?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Lè Aman antre, wa a di l konsa: — Ki pi bèl bagay m ta fè pou yon moun mwen ta renmen renmèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l: Pa gen lòt moun wa a ta renmen renmèsye pase mwen menm!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nanke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?”

参见章节 复制




Estè 6:6
19 交叉引用  

Wa a di mesye yo: “Dapre lalwa, kisa m dwe fè larèn Vasti? Li refize obeyi lòd mwen te bay enik mwen yo pou ba li.”


Lè sa a, Aman te kòmanse fè dyòlè pou anpil richès ak anpil pitit gason li genyen. Li rakonte yo tout jès wa a fè pou li onore l. Li di yo wa a ba li gwo pwomosyon paske li mete l chèf sou tout lòt lidè ak ofisye l yo.


Alò, Aman pran wòb la ak tout chwal la. Li mete wòb la sou Madoche epi li fè l monte sou do chwal la. Apre sa, li kenbe tèt chwal la pandan yo fè tout tou vil la. Aman te rele byen fò: “Men kijan wa a fè pou yon moun li vle onore.”


Sèvitè yo reponn li: “Se Aman ki kanpe deyò a.” Alò, wa a di: “Fè l rantre.”


Alò, Aman reponn wa a konsa: “Men sa wa a ta dwe fè pou yon moun li vle onore:


Se pou wa a chwazi youn nan lidè ofisyèl li yo ki pi enpòtan epi pou l ba li responsab wòb la ak chwal la. Gwo lidè ofisyèl sa a ap mete wòb la sou nonm wa a vle onore a. Nonm lan ap monte chwal la epi gwo lidè ofisyèl sa a ap kenbe tèt chwal la pandan y ap mache tout ri ki nan vil la. Pandan l ap mennen chwal la, l ap rele byen fò: Men sa wa a fè pou yon nonm li vle onore.”


Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”


Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan.


Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.


跟着我们:

广告


广告