Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 6:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Nan menm moman sa, Aman antre nan lakou kay prive wa a. Li vin mande wa a pou pann Madoche nan poto li te fè prepare pou sa. Wa a mande: “Ki moun ki nan lakou a?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Wa a mande: — Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fenk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l te fè pann Madoche nan poto li te pare a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.

参见章节 复制




Estè 6:4
12 交叉引用  

“Tout sèvitè wa yo ak tout moun ki nan pwovens yo, depi soti sou pi gwo chèf rive sou senp sitwayen an, konnen wa a genyen yon sèl lwa pou tout moun ki vle vin kote l anndan lakou li a. Y ap gen pou touye nenpòt moun, kit li fanm kit li gason, ki al kote wa a san li pa t envite. Yon sèl fason pou moun sa a pa mouri se si wa a lonje l baton l lan ki fèt an lò. Mwen gen nenpòt trant jou depi wa a pa mande m al rankontre li.”


Lè pèp Jwif la te sou twazyèm jou jèn yo, Estè mete wòb rèn li sou li epi l al kanpe nan lakou ki anndan bò palè wayal la, anfas kote twòn wa a ye a. Wa a te chita sou twòn li sou estrad la ki bay fas lakou a.


Konsa, Zerèch, madanm Aman, ak tout zanmi Aman yo ba l konsèy sa a tou: “Fè yon moun prepare poto ki gen anviwon swasant kenz pye wotè. Demen maten, mande wa a pou fè pann Madoche ladan l. Konsa, w ap prale nan festen an ak wa a ak kè kontan.” Aman te renmen konsèy yo ba li a. Konsa, li fè prepare platfòm poto a pou li.


Wa a mande: “Ki onè ak rekonpans Madoche te resevwa pou sa?” Sèvitè yo reponn wa a: “Yo pa t fè anyen pou li.”


Sèvitè yo reponn li: “Se Aman ki kanpe deyò a.” Alò, wa a di: “Fè l rantre.”


Lè sa a, Abona, youn nan enik wa yo, di konsa: “Aman te deja fè prepare yon poto ki mezire 75 pye wotè tou prè lakay li pou l fè pann Madoche. Madoche, nonm ki te sove lavi ou la lè li te devwale konplo yo te fè pou touye w la.” Wa a di: “Pann Aman nan menm platfòm nan.”


跟着我们:

广告


广告