Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 6:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Pandan yo kontinye ap pale kon sa ak Aman, ofisye wa yo te vin rive lakay la. Yo pran Aman epi yo kouri ale avè l nan festen Estè t ap fè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Zanmi l yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l ale touswit nan fèt Estè te pare a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.

参见章节 复制




Estè 6:14
5 交叉引用  

Konsa, Zerèch, madanm Aman, ak tout zanmi Aman yo ba l konsèy sa a tou: “Fè yon moun prepare poto ki gen anviwon swasant kenz pye wotè. Demen maten, mande wa a pou fè pann Madoche ladan l. Konsa, w ap prale nan festen an ak wa a ak kè kontan.” Aman te renmen konsèy yo ba li a. Konsa, li fè prepare platfòm poto a pou li.


Alò, wa a di sèvitè li yo konsa: “Ale vit chache Aman pou n ka fè touswit sa Estè mande a.” Wa a ak Aman ale nan festen Estè prepare pou yo a.


Si mwen fè wa mwen an plezi, epi si li ta panse se yon bon bagay pou l ban mwen mwen mande l, m ap mande l souple pou l vini demen ankò avèk Aman nan yon lòt festen m ap prepare pou li. Lè sa a, wa mwen an, m ap rakonte ou rekèt mwen an.”


Wa Asyeris ak tout Aman te ale nan festen rèn Estè a.


跟着我们:

广告


广告