Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 5:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Jou sa a, Aman kite palè wayal la ak anpil kontantman. Men, lè li wè Madoche bò baryè palè wa a, touswit li vin an kolè paske Madoche pa t manifeste okenn siy respè oubyen perèz pou li lè l ap pase.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Jou sa a, lè Aman sòti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée.

参见章节 复制




Estè 5:9
19 交叉引用  

Lòt fwa yo t ap rasanble medam yo kay wa a, Madoche t ap travay kòm ofisyèl gouvènman an nan antre palè.


Wa a te pase lòd pou tout ofisyèl k ap sèvi nan palè a mete ajenou epi koube tèt byen ba devan Aman pou onore l. Men, Madoche te refize mete ajenou devan Aman pou onore l.


Aman te fin anraje, lè yo fè li wè Madoche pa vle met ajenou nan pye l pou onore l.


Men, mwen p ap janm santi m alèz tout tan Jwif ki rele Madoche a chita devan baryè palè a.”


Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè.


Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la.


Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a, paske n ap gen pou n grangou. Malè pou nou menm k ap ri kounye a, paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.


Sa, se vre, nou pral menm kriye anpil, nou pral tris, men se va yon rejwisans pou lemonn. Nou pral nan lafliksyon, men lafliksyon nou pral chanje an kè kontan.


Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn.


Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès.


跟着我们:

广告


广告