Estè 5:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 Lè sa a, Aman te kòmanse fè dyòlè pou anpil richès ak anpil pitit gason li genyen. Li rakonte yo tout jès wa a fè pou li onore l. Li di yo wa a ba li gwo pwomosyon paske li mete l chèf sou tout lòt lidè ak ofisye l yo. 参见章节1998 Haïtienne11 Aman koumanse pale devan yo. L'ap di jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a moute li grad, li mete li chèf alatèt tout minis ak tout lòt moun nan gouvènman an. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a. 参见章节 |
Lè Madoche kite palè a, li te abiye tankou yon wa. Li te gen yon wòb wayal ble ak blan sou li, yon wòb ki fèt ak twal len blan byen fen epi ak yon manto koulè vyolèt ki fèt ak twal len, ak yon kouwòn byen laj ki fèt ak lò sou tèt li. Tout lavil Souz t ap rele, yo t ap fete, yo te an jwa epi yo t ap bat bravo.