Estè 5:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1 Lè pèp Jwif la te sou twazyèm jou jèn yo, Estè mete wòb rèn li sou li epi l al kanpe nan lakou ki anndan bò palè wayal la, anfas kote twòn wa a ye a. Wa a te chita sou twòn li sou estrad la ki bay fas lakou a. 参见章节1998 Haïtienne1 Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, l ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a. 参见章节 |
“Tout sèvitè wa yo ak tout moun ki nan pwovens yo, depi soti sou pi gwo chèf rive sou senp sitwayen an, konnen wa a genyen yon sèl lwa pou tout moun ki vle vin kote l anndan lakou li a. Y ap gen pou touye nenpòt moun, kit li fanm kit li gason, ki al kote wa a san li pa t envite. Yon sèl fason pou moun sa a pa mouri se si wa a lonje l baton l lan ki fèt an lò. Mwen gen nenpòt trant jou depi wa a pa mande m al rankontre li.”
Lè Madoche kite palè a, li te abiye tankou yon wa. Li te gen yon wòb wayal ble ak blan sou li, yon wòb ki fèt ak twal len blan byen fen epi ak yon manto koulè vyolèt ki fèt ak twal len, ak yon kouwòn byen laj ki fèt ak lò sou tèt li. Tout lavil Souz t ap rele, yo t ap fete, yo te an jwa epi yo t ap bat bravo.