Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 4:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Alò, Estè rele Atak, youn nan enik wa a te ba li pou sèvi li. Li voye l al chache konnen ki pwoblèm Madoche genyen rezon ki fè li derefize mete bon rad sou li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa?

参见章节 复制




Estè 4:5
10 交叉引用  

Sou setyèm jou festen an, wa Asyeris te kontan anpil akoz li te bwè anpil diven. Li te rele sèt enik ki te sèvitè pèsonèl, Mewouman, Bizta, Abona, Bigta, Abagta, Zeta ak Kakas.


Lè enik yo fè rèn Vasti konnen lòd wa a te bay, li te refize ale. Sa te fè wa a fache anpil. Li te fè anpil kòlè.


Alò, Estè mande Atak pou retounen kote Madoche pou ba l mesaj sa a:


Sèvant ak enik Estè yo te vini kote l epi yo ba l nouvèl Madoche a. Rèn nan te pran nan yon gwo laperèz. Li te voye rad bay Madoche pou l mete, men li te refize fè sa.


Atak ale kote Madoche te ye a, sou plas ki devan pòtay palè wayal la.


Atak retounen kot Estè epi li rakonte l tout sa Madoche te di l.


Se pou n kontan avèk moun ki kontan yo, pataje tristès sa yo ki nan lapenn.


Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a.


Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou.


Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.


跟着我们:

广告


广告