Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 4:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 “Ale rasanble tout Jwif ki nan vil Souz epi mande yo pou yo fè jèn pou mwen. Mande yo pou yo pa ni manje ni bwè pandan twa jou ak twa nuit. Mwen menm ak tout sèvant mwen yo ap jene tou. Apre sa, mwen pral kote wa a, menm si m vyole lwa a, jan l pase l pase, si pou m mouri, mwen va mouri.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 — Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”

参见章节 复制




Estè 4:16
29 交叉引用  

Alò, Estè voye di Madoche konsa:


Se kon sa Madoche pati epi li te fè tout sa Estè te mande l fè.


Nan chak pwovens dekrè sa a te rive, Jwif yo te anba gwo lapenn ak kè sere. Yo fè jèn epi yo rele byen fò. Anpil nan yo te vide sann dife sou tèt yo epi yo te kouche atè ak rad sak sou yo.


Lè pèp Jwif la te sou twazyèm jou jèn yo, Estè mete wòb rèn li sou li epi l al kanpe nan lakou ki anndan bò palè wayal la, anfas kote twòn wa a ye a. Wa a te chita sou twòn li sou estrad la ki bay fas lakou a.


Lèt sa yo bay lòd tou pou Jwif yo fete jou Pirim yo chak ane nan dat rèn Estè ak Madoche fikse a. Yo deklare fèt sa a gen menm enpòtans ak tout lòt fèt Jwif yo konn fete, tankou lè y ap fè jèn ak lè y ap plenyen sò yo, se fèt sa yo Jwif te gentan pran desizyon pou yo sonje fete.


Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè.


Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li.


Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.”


Lè anj lan fin pale kon sa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou.


Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan.


Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye kon sa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”


Pandan y ap tann li jou, Pòl envite mesye yo pou yo manje, li di yo konsa: “Mesye, jodi a fè katòz jou depi n ap tann epi n ap veye san manje, san nou pa pran anyen.


Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou.


Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.


Paske li manke mouri poutèt travay Kris la, epi li riske lavi l pou l ka ranplase nou nan rann mwen sèvis.


跟着我们:

广告


广告