Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 4:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Si ou rete bouch be nan moman sa a, sekou ak libète Jwif yo ap soti kanmenm yon lòt kote. Men kanta pou ou menm ak tout fanmi papa w, nou tout ap peri. Sak pou di w se pa pou rezon sa menm yo chwazi m pou w vin rèn nan moman sa a!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, tanpi pou ou. Pèp jwif la ap ka toujou jwenn delivrans. Men ou pa janm konnen si se pa pou ka pare kou sa a ki fè ou larenn jodi a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.”

参见章节 复制




Estè 4:14
31 交叉引用  

Moman an te rive pou Estè ale kay wa a. Se Estè sa a Madoche te adopte a. Li se pitit Abikayil, tonton Madoche. Ege, yon enik wa a ki te responsab medam yo, ba li konsèy ki rad pou l mete ak kisa pou l pran nan kay medam yo. Tout moun tonbe damou pou Estè, lè yo wè l.


Wa a te fè foli pou Estè plis pase tout lòt jenn fi yo. Pami tout jenn fi vyèj yo te mennen lavil Souz, se Estè ki te satisfè wa a pi plis. Wa a te tonbe damou pou li. Estè te fè wa a plezi plis pase tout lòt vyèj yo. Alò, wa Asyeris mete yon kouwòn sou tèt Estè epi li fè l vin rèn nan plas Vasti.


Madoche te gen kouzin li ki rele Adasa, yo te rele l Estè tou. Li pa t gen ni manman ni papa. Madoche te adopte l kòm pitit fi li, apre manman l ak papa l te mouri. Madoche te elve li epi pran swen li. Adasa te bèl anpil.


li voye fè l repons sa a: “Pa met nan tèt ou paske ou rete nan palè wa a ou se sèl Jwif k ap chape.


Alò, Estè voye di Madoche konsa:


Ou rele Pyè ki vle di wòk, pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò p ap ka gen viktwa sou li.


Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.


跟着我们:

广告


广告