Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 4:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 “Tout sèvitè wa yo ak tout moun ki nan pwovens yo, depi soti sou pi gwo chèf rive sou senp sitwayen an, konnen wa a genyen yon sèl lwa pou tout moun ki vle vin kote l anndan lakou li a. Y ap gen pou touye nenpòt moun, kit li fanm kit li gason, ki al kote wa a san li pa t envite. Yon sèl fason pou moun sa a pa mouri se si wa a lonje l baton l lan ki fèt an lò. Mwen gen nenpòt trant jou depi wa a pa mande m al rankontre li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”

参见章节 复制




Estè 4:11
9 交叉引用  

Alò, si sa fè wa a plèzi, men sa m pwopoze. Se pou w pran yon dekrè wayal pou ajoute yon lwa ki p ap ka chanje, nan liv lalwa Mèd ak Pès yo. Men sa pou lwa sa di: Rèn Vasti pa dwe janm prezante devan wa Asyeris ankò. Lè sa a, wa a va chwazi yon lòt rèn ki pi diy pou ranplase rèn Vasti.


Jenn fi a ale kay wa a nan aswè. Nan demen maten, yo mennen l nan yon lòt kay wa te genyen pou medam li yo. Kay sa a te sou kontwòl chachgaz, yon enik ki te responsab tout madanm wa a te genyen. Jenn fi sa a pa t ka tounen nan kay wa a ankò, sof si wa a te kontan moman yo te pase epi li ta voye rele l ak non li.


Alò, Estè mande Atak pou retounen kote Madoche pou ba l mesaj sa a:


Lè Madoche resevwa mesaj Estè voye ba li,


Nan menm moman sa, Aman antre nan lakou kay prive wa a. Li vin mande wa a pou pann Madoche nan poto li te fè prepare pou sa. Wa a mande: “Ki moun ki nan lakou a?”


Wa a lonje baton lò a bay Estè. Li leve kanpe devan wa a.


Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.


跟着我们:

广告


广告