Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 3:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Apre sa, Aman ale kote wa Asyeris epi li di l: “Gen yon seri moun ki gaye nan tout pwovens ki nan wayòm ou a epi y ap viv tankou you gwoup separe ki pa mele ak pèsonn. Koutim pa yo diferan ak koutim tout lòt pèp yo. Yo pa vle obeyi okenn lòd wa a pase. Nan ka sa a, se pa yon bon bagay ki nan enterè w non, Majeste, pou ou kite moun sa yo viv kon sa nan wayòm ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Lè sa a, Aman al di wa a: — Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l sou sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.

参见章节 复制




Estè 3:8
25 交叉引用  

Si sa fè w plezi, pase lòd pou touye tout moun sa yo. Si ou deside fè sa, m ap pwomèt ou m ap bay trezorye w yo 375 tòn lajan pou mete nan trezò pou ou.”


Madoche te twouble anpil lè l tande tout sa ki te pase. Li chire rad sou li a epi li mete yon rad dèy sou li. Li jete pousyè tè sou tèt li epi li pran mache nan tout vil la, li t ap kriye byen fò.


Jwif yo t ap di antre yo: “Ki kote pou nonm sa a ale pou nou pa jwen li? Èske se nan vil Grèk yo li pral abite, kote moun pa nou yo ye? Èske li pral anseye Grèk yo laba a?”


Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo.


Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”


Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou. Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a ki gaye toupatou sou latè.


Se mwen menm Pyè, apot Jezikris, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.


跟着我们:

广告


广告