Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 3:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada ki pi bon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l fè sa l te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar a.

参见章节 复制




Estè 3:7
13 交叉引用  

Nan twazyèm ane reny li, Asyeris te òganize yon gwo festen pou tout ofisye ak lidè li yo ki te nan wayòm nan. Li envite tout kòmandan lame peyi Mèd ak Pès yo. Tout minis ak tout gwo fonksyonè ki nan pwovens yo te la tou.


Yo mennen Estè nan palè a bay wa Asyeris. Sa te pase nan dizyèm mwa a, mwa Tebèt. Lè sa a, Asyeris te sou setyèm ane li kòm wa.


Trèzyèm jou Ada a, ki se douzyèm mwa nan ane a, se dat pou lòd wa a te egzekite. Se te jou sa a tou lènmi Jwif yo te espere yo t ap gen pouvwa sou yo pou touye yo. Men bagay yo vire devan dèyè paske se Jwif yo ki pote laviktwa sou lènmi l yo.


Li mande yo pou yo selebre chak ane katòzyèm ak kenzyèm jou mwa Ada a,


Jwif yo te kraze tout lènmi l yo jan k te fè yo plezi. Yo te atake yo ak nepe epi touye yo. Yo te fè sa lide yo di yo ak moun ki te rayi yo.


Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.


跟着我们:

广告


广告