Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Wa a te pase lòd pou tout ofisyèl k ap sèvi nan palè a mete ajenou epi koube tèt byen ba devan Aman pou onore l. Men, Madoche te refize mete ajenou devan Aman pou onore l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou moutre jan yo respekte l. Tout anplwaye yo te fè sa vre esèpte Madoche ki te derifize fè bagay konsa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè.

参见章节 复制




Estè 3:2
15 交叉引用  

Lòt fwa yo t ap rasanble medam yo kay wa a, Madoche t ap travay kòm ofisyèl gouvènman an nan antre palè.


Nan epòk sa a, Bigtan ak Terèch te de (2) chèf sekirite nan baryè kay prive wa a. Yon jou, pandan Madoche te chita toupre baryè a, de mesye sa yo ki te fache kont wa a, t ap fè konplo pou touye l.


Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich.


Apre tout bagay sa yo fin pase, wa Asyeris te onore Aman ki se pitit Amedata. Amedata sa te soti nan ras Agag. Wa a te plase l nan plas ki pi wo pami tout lòt ofisye l yo.


Responsab ofisyèl yo ki t ap sèvi nan palè a poze Madoche kesyon sa a: “Poukisa ou pa obeyi lòd wa a pou ou met ajenou devan Aman?”


Aman te fin anraje, lè yo fè li wè Madoche pa vle met ajenou nan pye l pou onore l.


Jou sa a, Aman kite palè wayal la ak anpil kontantman. Men, lè li wè Madoche bò baryè palè wa a, touswit li vin an kolè paske Madoche pa t manifeste okenn siy respè oubyen perèz pou li lè l ap pase.


Se poutèt sa, yon jou, tout moun va mete ajenou devan l lè yo va tande tit Jezi genyen nan syèl la, sou tè a ak anba tè a.


跟着我们:

广告


广告