Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 3:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj.

参见章节 复制




Estè 3:13
14 交叉引用  

Mwen mande sa, paske gen yon moun ki ofri lajan pou detwi, touye ak disparèt totalman mwen menm ak tout pèp mwen an. Si yo ta vle sèlman vann nou kòm esklav, mwen t ap pe bouch mwen epi mwen pa t ap deranje wa a pou yon ti pwoblèm konsa.”


Li di: “Wa pa m nan, si m fè w plezi epi si m jwenn favè devan w, si sa fè wa a m plezi, m ap mande ou tanpri, ekri yon lèt voye nan tout pwovens ki nan wayòm nan pou pase lòd kanpe masak Aman, pitit Amedata a ki soti nan ras fanmi Agag la, te deja pase lòd pou fè sou Jwif yo.


Trèzyèm jou Ada a, ki se douzyèm mwa nan ane a, se dat pou lòd wa a te egzekite. Se te jou sa a tou lènmi Jwif yo te espere yo t ap gen pouvwa sou yo pou touye yo. Men bagay yo vire devan dèyè paske se Jwif yo ki pote laviktwa sou lènmi l yo.


Men, yo pa t pran anyen nan sa moun yo te touye yo te posede.


Jwif yo te kraze tout lènmi l yo jan k te fè yo plezi. Yo te atake yo ak nepe epi touye yo. Yo te fè sa lide yo di yo ak moun ki te rayi yo.


“Yo toujou prèt pou touye moun.


Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.


跟着我们:

广告


广告