Estè 3:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 Wa a di Aman konsa: “Ou ka kenbe lajan w lan, men ou mèt fè sa ou vle ak bann moun sa yo.” 参见章节1998 Haïtienne11 Epi wa a di l konsa: — Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.” 参见章节 |
Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a.