Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Madoche te gen kouzin li ki rele Adasa, yo te rele l Estè tou. Li pa t gen ni manman ni papa. Madoche te adopte l kòm pitit fi li, apre manman l ak papa l te mouri. Madoche te elve li epi pran swen li. Adasa te bèl anpil.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l ak manman l mouri, Madoche te pran l lakay li, li leve l tankou pwòp pitit fi li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.

参见章节 复制




Estè 2:7
12 交叉引用  

Li pase mesye yo lòd pou al chache rèn Vasti mennen ba li ak tout kouwòn wayal li sou tèt li. Rèn Vasti te yon fanm ki bèl anpil. Wa a te vle montre pèp la ansanm ak ofisye yo kijan rèn nan bèl.


Moman an te rive pou Estè ale kay wa a. Se Estè sa a Madoche te adopte a. Li se pitit Abikayil, tonton Madoche. Ege, yon enik wa a ki te responsab medam yo, ba li konsèy ki rad pou l mete ak kisa pou l pran nan kay medam yo. Tout moun tonbe damou pou Estè, lè yo wè l.


Jis nan pwen sa a, Estè pa t janm fè mansyon nan ki ras oubyen pèp kote l soti. Li te kenbe sa sekrè paske Madoche te mande l fè sa. Estè te kontinye obeyi l menm jan l te konn fè sa depi lè l te lakay li.


Nan menm jou a, wa Asyeris fè rèn Estè kado tout sa Aman, lènmi Jwif yo, te genyen. Estè te fè wa a konnen Madoche se kouzen l. Alò, Madoche pwoche devan wa a.


“M va yon papa pou ou ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen, se sa Senyè ki toupisan an di.”


Nou menm papa yo, pa aji ak pitit nou yo nan fason k ap eksite kòlè yo. Okontrè, se pou n elve yo byen. Se pou n enstwi yo epi korije yo dapre prensip pawòl Bondye.


Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye.


跟着我们:

广告


广告