Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 2:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Yo mennen Estè nan palè a bay wa Asyeris. Sa te pase nan dizyèm mwa a, mwa Tebèt. Lè sa a, Asyeris te sou setyèm ane li kòm wa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Se konsa, Asyeris t'ap mache sou sètan depi li te wa, nan dizyèm mwa, mwa yo rele Tebèt la, lè yo mennen Estè devan wa a lakay li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a.

参见章节 复制




Estè 2:16
7 交叉引用  

Nan pita, kòlè wa Asyeris te desann, li sonje sa rèn Vasti te fè a epi dekrè li pran poutèt sa.


Moman an te rive pou Estè ale kay wa a. Se Estè sa a Madoche te adopte a. Li se pitit Abikayil, tonton Madoche. Ege, yon enik wa a ki te responsab medam yo, ba li konsèy ki rad pou l mete ak kisa pou l pran nan kay medam yo. Tout moun tonbe damou pou Estè, lè yo wè l.


Wa a te fè foli pou Estè plis pase tout lòt jenn fi yo. Pami tout jenn fi vyèj yo te mennen lavil Souz, se Estè ki te satisfè wa a pi plis. Wa a te tonbe damou pou li. Estè te fè wa a plezi plis pase tout lòt vyèj yo. Alò, wa Asyeris mete yon kouwòn sou tèt Estè epi li fè l vin rèn nan plas Vasti.


Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo.


Menm jou a, ventwazyèm jou nan twazyèm mwa a, mwa Sivan, wa a fè konvoke tout sekretè l yo. Yo ekri tout lòd Madoche yo pou voye bay Jwif yo, tout chèf rejyonal lame wa yo, gouvènè ak tout gwo chèf yo ki nan 127 pwovens yo, soti peyi Lend rive Letyopi. Lèt sa a te ekri nan diferan lang moun sa yo pale ak diferan fòm ekriti yo sèvi nan chak pwovens sa yo. Lòd sa yo te rive jwenn Jwif yo nan pwòp lang ak ekriti yo.


跟着我们:

广告


广告