Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 1:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Wa Asyeris te mande pou pibliye yon nouvo lwa nan yon lèt li voye nan tout pwovens ki nan wayòm nan. Yo te ekri lwa sa a nan tout lank moun yo te pale ak ekri. Nan lèt sa a, yo te fè konnen chak gason se chèf madanm li ak pitit li. Sa li te di, se sa ki te dwe fèt lakay li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Li voye mesay nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l lan. Mesay la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chèf lakay yo: Lè yo pale, se fini!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.

参见章节 复制




Estè 1:22
11 交叉引用  

Wa a ak tout lòt gwo chèf yo te renmen konsèy Memoukan an. Wa Asyeris tou fè sa Memoukan te di a.


Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a.


Menm jou a, ventwazyèm jou nan twazyèm mwa a, mwa Sivan, wa a fè konvoke tout sekretè l yo. Yo ekri tout lòd Madoche yo pou voye bay Jwif yo, tout chèf rejyonal lame wa yo, gouvènè ak tout gwo chèf yo ki nan 127 pwovens yo, soti peyi Lend rive Letyopi. Lèt sa a te ekri nan diferan lang moun sa yo pale ak diferan fòm ekriti yo sèvi nan chak pwovens sa yo. Lòd sa yo te rive jwenn Jwif yo nan pwòp lang ak ekriti yo.


Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”


Mwen pa pèmèt yon madanm fè mari l wont devan lòt moun nan fason l ap anseye l. Li pa dwe lakòz yon eskandal,


跟着我们:

广告


广告