Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 1:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Alò, si sa fè wa a plèzi, men sa m pwopoze. Se pou w pran yon dekrè wayal pou ajoute yon lwa ki p ap ka chanje, nan liv lalwa Mèd ak Pès yo. Men sa pou lwa sa di: Rèn Vasti pa dwe janm prezante devan wa Asyeris ankò. Lè sa a, wa a va chwazi yon lòt rèn ki pi diy pou ranplase rèn Vasti.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Si wa a dakò, se pou l fè yon deklarasyon pou l fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gendwa parèt devan l ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li.

参见章节 复制




Estè 1:19
10 交叉引用  

A pati jodi a menm, madanm tout gwo chèf nan peyi Mèd ak Pès yo pral konnen sa rèn nan fè a, epi y ap fè menm jan an tou. Yo p ap respekte mari yo. Konsa, manke respè sa a pral fè mari yo fache anpil.


Wa a ak tout lòt gwo chèf yo te renmen konsèy Memoukan an. Wa Asyeris tou fè sa Memoukan te di a.


Nan pita, kòlè wa Asyeris te desann, li sonje sa rèn Vasti te fè a epi dekrè li pran poutèt sa.


Si sa fè w plezi, pase lòd pou touye tout moun sa yo. Si ou deside fè sa, m ap pwomèt ou m ap bay trezorye w yo 375 tòn lajan pou mete nan trezò pou ou.”


Li di: “Wa pa m nan, si m fè w plezi epi si m jwenn favè devan w, si sa fè wa a m plezi, m ap mande ou tanpri, ekri yon lèt voye nan tout pwovens ki nan wayòm nan pou pase lòd kanpe masak Aman, pitit Amedata a ki soti nan ras fanmi Agag la, te deja pase lòd pou fè sou Jwif yo.


Kounye a, mwen ba ou otorite pou ou ekri nan non m nenpòt lòd ou panse k ap an favè Jwif yo. M ap siyen lèt la ak bag mwen. Mwen vle ou sonje tou, nenpòt lèt ki ekri sou lòd wa a epi ki sele ak bag li pa ka chanje.”


跟着我们:

广告


广告