Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 6:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.

参见章节 复制




Efezyen 6:12
25 交叉引用  

Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa.


men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.


“Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab.


Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”


Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.


Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen.


L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.


Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”


Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikris, Senyè nou an.


M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri.


Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy.


Bondye mete Jezikris sou tèt tout chèf, tout otorite, tout moun ki gen pouvwa, tout wa yo ansanm ak tout gwo non yo site, ni nan mond sa, ni nan sa k gen pou vini an.


Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la.


Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la.


Se kon sa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye.


Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete.


Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告