Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 6:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Pou fin i, chache fòs nou nan Senyè a ak nan gwo pouvwa li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.

参见章节 复制




Efezyen 6:10
30 交叉引用  

Kenbe je nou louvri! Kenbe fèm nan lafwa nou! Se pou ou aji ak kouraj! Fòtifye w!


Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.


N ap ka wè tou ki kalite pouvwa Bondye dispoze pou nou menm ki kwè. Se menm pouvwa sa a Bondye te manifeste avèk anpil fòs,


M ap mande Bondye Papa a, dapre richès glwa li, pou l fòtifye nou nan mantal nou, pa mwayen Sentespri li.


Kounye a, frè m ak sè m yo, se pou n fè kè n kontan nan Senyè a. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ta kontinye ekri nou menm bagay yo. Li bon pou nou.


Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.


Pou fin i, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo.


Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.


Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la.


Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an.


Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid.


Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou papa yo, paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo, paske nou gen fòs. Pawòl Bondye a rete nan nou, epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.


跟着我们:

广告


广告