Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 6:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Timoun obeyi paran nou jan Bondye vle l la, paske se sa ki dwe fèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.

参见章节 复制




Efezyen 6:1
33 交叉引用  

Jis nan pwen sa a, Estè pa t janm fè mansyon nan ki ras oubyen pèp kote l soti. Li te kenbe sa sekrè paske Madoche te mande l fè sa. Estè te kontinye obeyi l menm jan l te konn fè sa depi lè l te lakay li.


Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li.


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.


Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Men si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, fòk timoun yo konnen sa: se yo ki dwe pran swen fanmi yo an premye. Nan fason sa a, y ap rekonpanse paran ak gran paran yo pou sa yo te fè pou yo. Sa a se yon bagay ki fè Bondye plezi.


Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a.


Rit reponn li: “M ap fè tout sa ou di m fè yo.”


跟着我们:

广告


广告