Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 5:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Paske limyè sa a fè moun fè sa ki byen, sa ki dwat epi viv nan verite a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite,

参见章节 复制




Efezyen 5:9
18 交叉引用  

Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv.


Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”


Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy.


Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon kon sa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.


Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la.


Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,” paske nou tout se manm nan menm kò a.


Kidonk, prepare nou. Sèvi ak verite a tankou yon sentiwon pou mare ren nou. Viv yon vi ki dwat se tankou yon plak pwotèj sòlda yo pou pwoteje lestomak nou.


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se kon sa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.


Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.


Poutan, men sa li di pou Pitit la: “Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite. Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.


Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, kon sa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon.


Si nou konnen Pitit la dwat, konnen tou, moun ki toujou fè sa ki byen, se pitit Bondye.


Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye.


跟着我们:

广告


广告