Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la.
Mwen tande yon lòt vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Pèp mwen, soti nan vil la, pou w pa patisipe nan peche l yo. Lè sa a, ou p ap pase anba pinisyon tèrib k ap vin pou li.