Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 5:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.

参见章节 复制




Efezyen 5:5
15 交叉引用  

Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo.


Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye.


Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj,


Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a.


Se moun Bondye nou ye, kon sa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou.


Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la.


Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl.


Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.


Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo.


Tout moun dwe onore maryaj. Mari ak madanm dwe rete fidèl youn anvè lòt. Bondye ap jije tout moun ki komèt adiltè, ak lòt peche seksyèl.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


跟着我们:

广告


广告