Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Kris la bay nou chak yon kado espesyal selon jan li te deside bay li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Nou chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.

参见章节 复制




Efezyen 4:7
13 交叉引用  

Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan. Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati.


Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a.


Poutèt Bondye fè m yon gras espesyal pou m di nou tout: Pa bay tèt nou plis enpòtans pase sa n genyen. Nou dwe wè tèt nou jan nou ye a, dapre kantite lafwa Bondye ban nou chak.


Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye.


Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.


Se pou chak moun sèvi ak don Bondye ba yo pou byennèt lòt moun. Se kon sa n ap ka byen jere don Bondye ban nou yo.


跟着我们:

广告


广告