Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 4:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Gen yon sèl Bondye ki papa nou tout epi k ap renye sou nou tout. Li aji nan lavi nou tout, li nan nou tout.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

参见章节 复制




Efezyen 4:6
31 交叉引用  

Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Men kijan ou dwe priye: Papa nou ki nan syèl la, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”


Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo, di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.


pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


Bondye mete Jezikris sou tèt tout chèf, tout otorite, tout moun ki gen pouvwa, tout wa yo ansanm ak tout gwo non yo site, ni nan mond sa, ni nan sa k gen pou vini an.


Nan Kris, Bondye Papa a ap itilize nou ansanm ak lòt moun pa l yo pou l bati; l ap fè w tounen kay kote l ap viv pa mwayen Sentespri a.


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


M ap priye Bondye Papa a ansanm ak Senyè Jezikris pou bay tout frè ak sè nou yo lapè, lanmou ak lafwa.


Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.


跟着我们:

广告


广告